Yon semèn deja pase depi lansman Koup di Mond lan, e premye match yo deja montre yon verite tout moun konnen nan foutbòl: balon an won pou tout moun.

Pandan anpil moun t ap konsantre sou gwo favori yo, plizyè ekip yo te konsidere kòm « ti ekip » rive bay gwo sipriz tankou,Bosni ki fè yon nil fas ak Kanada ki se youn nan peyi òganizatè yo epi Kapvè ki te ret kanpe djanm fas ak Espay. Genyen ki arive fè viktwa enpòtan, pandan lòt yo montre yo pa vini sèlman pou patisipe, men pou fè konpetisyon an respekte yo.

Premye semèn sa a pèmèt nou dekouvri plizyè nouvo talan tou. Gen jèn jwè ki pwofite vitrin mondyal la pou montre kapasite yo, pandan kèk gadyen ap fè pèfòmans remakab _ ki se ka Vozinha,gadyen Kapvè a_ ki deja mete yo pami pi bon jwè tounwa a jiskaprezan. Se youn nan bote Koup di Mond lan: chak edisyon bay mond lan yon nouvo etwal.

Anplis sa k ap pase sou teren an, tounwa a pa t kòmanse san kèk difikilte. Youn nan sijè ki te fè anpil pale se ka abit Somalyen an Omar Artan ki pa t kapab antre Ozetazini akòz yon pwoblèm viza. Men malgre kèk kontrent administratif ak kestyon politik ki te soulve anvan konpetisyon an, òganizasyon an kontinye avanse e match yo ap dewoule nan yon bèl anbyans.Nan estad yo tankou devan ekran televizyon yo, fanatik yo ap viv moman espesyal sa.

Plizyè milyon moun atravè lemond ap swiv match yo, ap selebre viktwa yo e ap dekouvri nouvo istwa ki rann foutbòl la inik.Apre premye semèn nan, rezilta yo deja montre ke pa gen okenn ekip ki dwe souzestime. Sipriz yo anpil, emosyon yo fò, e konpetisyon an sanble pwomèt anpil lòt gwo moman nan semèn k ap vini yo.Koup di Mond lan fèk kòmanse, men li deja raple nou poukisa foutbòl rete espò ki pi popilè sou planèt la.

Laisser un commentaire

Tendances