Nan sezon (2025-2026) la ki koyenside ak yon koup di mond, pi gwo konpetisyon ki genyen nan mond lan ki reyini tout nasyon yo Mond foutbòl la ap fè fas ak yon pwoblèm grav ki se « blesi » sitou nan fen sezon an kote ke anpil jwè entènasyonal k’ap jwe nan wo nivo a pa epanye anba flewo sila a.

Nan yon sezon foutbòl entans ki chaje ak match kote anpil konpetisyon ap jwe tankou : chanpyona majè yo, europa league, Ligue des Champions sitou nouvo fòma a ki vin ajoute plis match pou jwè yo.Sa vin fè jwè foutbòl yo fè fas ak anpil pepen fizik soti nan kòmansman pou rive nan fen sezon an kote sa pi frekan , men sa ki bay enkyetid nan sikonstans sa se koup di mond lan ki ap apwoche e chak nasyon yo ap gen pou konte sou jwè kad yo , men anpil nan yo frape pa flewo sila a tankou (Rodrygo, Lamine Yamal, Eder Militao, Xavi Simons, Estevao, Ekitike, Mbappé, Serge Gnabry…) pou’n site sa yo sèlman.

Ladan yo genyen ki ap rate mondyal la-enfòmasyon ki ofisyèl- e genyen ki trè ensèten tou ak yon ti chans pou yo ta prezan. Blesi miskilè se tip blesi ki plis frape jwè yo san konte blesi nan jenou(ligaman kwaze epi blesi nan tandondachil) youn nan bagay ki sèten, repetisyon match yo sou sezon an avèk kèk pratik an deyò teren rann enèji fizik jwè yo vilnerab nan fen sezon sa.Yon koup di mond ak yon lòt fòma, anpil nouvo peyi ki ap patisipe pou premye fwa oubyen ki ap retounen aprè anpil ane absan. Sa vle di plis motivasyon,plis anje, plis fokis e sitou pa souzestime ankenn ekip paske tout ap vin pou yon sèl objektif: Fè prèv yo.

Yon koup di mond ak yon lòt fòma, anpil nouvo peyi ki ap patisipe pou premye fwa oubyen ki ap retounen aprè anpil ane absan. Sa vle di plis motivasyon,plis anje, plis fokis e sitou pa souzestime ankenn ekip paske tout ap vin pou yon sèl objektif: Fè prèv yo.Èske prezans tout jwè yo pa enpòtan? E si yo pa la tou,èske absans yo ap lou? Randevou nan anviron yon mwa.
Laisser un commentaire