Fanatik foutbòl yon fwa ankò se te yon semèn entans, yon semenn ki te rich ak emosyon nan zafè Ligue des Champions- konpetisyon ki pi prestijye atravè klèb yo

Match tounen ka de final yo t ap jwe pandan semèn sa kote depi nan Madi ekip Fc Barcelone nan te al bat ekip Atletico madrid lan (2-1)sou teren lakay yo. Yamal ak Ferran Torres te make pou ekip yo, men malerezman yo pat rive kalifye pou demifinal konpetisyon sila a bien ke remonte a te parèt posib pandan anviwon tout premye mitan an.Men lookman ta pral jwenn fay nan defans blawougrana yo nn 31 minit epi match la ta pral fini konsa sa ki antrene eliminasyon ekip Barcelone lan nan Ligue des Champions an.

Ekip Paris Saint Germain an nan bò pa l te metrize seri a kont Liverpool Aprè viktwa yo nan match ale a kont ekip Liverpool la (2-0) malgre ekip Liverpool la t ap souke kò’l men ekip Psg a te fini travay la an bote nan Anfield la kote ke yo bat 2-0 gras ak yon double de Dembélé e pran biyè kalifikatif yo pou swit konpetisyon an.

Nan Mèkredi dezyèm jounen an te pousib avèk Real Madrid ki jwenn eliminasyon’l kont ekip Bayern nan nan Allianz arena kote ke yo pèdi (3-4) nan yon match fou, rich ak emosyon e rich ak rebondisman. 7 gòl enskri nan match sila a!.

Real Madrid te poutan byen kòmanse kote ke yo t ap mennen 3-2 pandan yon bon moman nan match la.Men malerezman, nan 86 minit Camavinga ,pran yon katon wouj e mete ekip Real Madrid la pi vilnerab e koz yo ankese 2 gòl kou sou kou ak Diaz epi Olisé Kidonk sa fè meringue yo konn dezyèm eliminasyon yo youn dèyè lòt nan ka de final konpetisyon sila.

Arsenal nan bò pa l anrejistre yon match nil e vyèj (0-0). Kont Sporting cp men ki te sifi pou kalifye gounèz yo pou demi final.Paske depi nan ale a gounèz yo te gentan fè travay la lakay Sporting donk yon match nil lakay pa yo te plis ke favorab.

Yon Ligue des Champions ki pa janm desevwa ankenn fanatik football , randevou a kase pou demi final ki pwomèt enteresan.

Laisser un commentaire

Tendances