Nan moman kote tansyon jeyopolitik ap ogmante nan plizyè peyi,mond foutbòl la pa epanye. Espò sa ki toujou prezante kòm yon senbòl inite ak lapè vin pran gwo kou anba ensekirite, sanksyon, ak konfli ame. Youn nan pi gwo siy sa a se anilasyon Finalissima a ki te sipoze fèt nan peyi Kata .konpetisyon ki te dwe mete chanpyon Ewòp la, Espay, fas ak chanpyon Amerik di Sid la, Ajantin. Match sa a, ki te pwograme anba kolaborasyon UEFA ak CONMEBOL, te sipoze yon gwo fèt mondyal e te sisite anpil atant.Men klima enstab la rann òganizasyon li difisil, sitou nan kesyon sekirite, deplasman ekip yo ak garanti diplomatik.

Se yon sitiyasyon ki frape dirèkteman kèk chanpyona nasyonal. Nan peyi tankou Iran, konpetisyon yo te oblije kanpe tanporèman akoz tansyon entèn ak risk sekirite. Sa pa sèlman afekte klèb yo ekonomikman, men li mete jwè yo nan gwo ensekirite. Se nan kontèks sa a atakan ayisyen Duckens Nazon, ki ap evolye nan chanpyona iranyen an, te jwenn tèt li nan yon sitiyasyon konplike. Daprè enfòmasyon ki te sikile sou diferan rezo li yo, li te menm oblije evakye an ijans pou garanti sekirite li. Sa montre kijan kriz politik yo depase limit diplomasi pou yo antre dirèkteman nan lavi espòtif ak pèsonèl jwè yo.

Ki Kesyon sa relve sou Òganizasyon Koup di Mond lan?

Kesyon tou ki ap vire nan tèt anpil fanatik: èske tout tansyon sa yo pap gen konsekans sou FIFA World Cup 2026 ki gen pou rive nan anviwon 100 jou? Menm si peyi òganizatè yo ,pou kounya gen bon sekirite, Men enstabilite entènasyonal la kapab rive pi lwen e afekte deplasman sipòtè yo, preparasyon ekip yo, ak klima jeneral konpetisyon an. Foutbòl toujou eseye rete apa de politik, men reyalite mondyal la montre li pa janm totalman izole. Nan yon epòk kote yon desizyon diplomatik ka chanje kalandriye espòtif la, kesyon an pa san fondman.Foutbòl rete yon plas pèzib pou sosyete a. Lè mond lan sou tansyon, teren an santi li tou. Rete pou n wè si espò wa a ap rive kenbe misyon li kòm yon espas rasanbleman, oswa si li pral kontinye sibi sekous politik mondyal yo.

Laisser un commentaire

Tendances