Yè se te premye jounen match baraj Lig dè chanpyon yo e pami tout afich yo, youn te atire anpil Atansyon: SL Benfica kont Real Madrid. Yon match tout moun te ap ret tann pou fason dènye rezilte yo te fini, ki te desann Real Madrid nan baraj e ede Benfica rete nan konpetisyon an toujou.Men yè swa, se pa sèlman taktik ni rezilta ki te fè bri. Se te yon moman. Yon segonn. Yon boul ki kite pye yon jèn atakan brezilyen, travèse defans la tankou yon kout van cho, epi al repoze nan fon kan an. Estad la souke. Tan an sanble ralanti. Epi lajwa pete.Vinícius Júnior pa t fè plis pase sa li toujou fè: li danse pou li selebre.

Yon dans kout. Yon mouvman ki soti nan rasin li, nan mizik peyi li, nan kilti li. Se pa t pwovokasyon. Se pa t mepri. Se te lajwa ki pran fòm nan kò yon jèn gason ki konnen sa li pase pou rive la.Men lajwa a pa t dire lontan. Abit la wè l yon lòt jan ,katon jòn la leve, diskisyon pete. Pawòl di. Tansyon monte. Epi, nan mitan dezòd la, yon akizasyon lou parèt: Vinicius deklare yon jwè advès la ta repete li yon mo rasis ak bouch li kache dèyè mayo li. Jiska prezan, pa gen prèv piblik. Yon imaj ke tout moun wè ak pawòl kont pawòl. Men istwa a deja depase limit yon senp match foutbòl.Paske lè kesyon rasis la leve, se pa sèlman yon jwè ki konsène. Se konsyans nou tout ki teste.

Èske yon jwè pa gen dwa selebre jan li santi l?.

Foutbòl se emosyon,se pasyon,se enèji. Lè yon jwè make gòl, se rezilta plizyè èdtan travay, sakrifis ak presyon. Selebrasyon se yon ekstansyon natirèl de lajwa sa.Vinicius pa t ap pwovoke,li pa t ap ofanse. Li t ap danse!,E danse pou anpil jwè brezilyen, se kilti, se idantite, se eritaj. Lè yo pini yon jwè pou li eksprime lajwa li nan fason sa, kesyon an leve: èske gen yon limit envizib yo mete sou kèk jwè plis pase yon lòt?

Rasis: yon maladi ki poko kite teren an.

Men sa ki pi grav nan istwa a, se akizasyon rasis la. Paske menm si sa poko pwouve, lefèt ke kesyon an parèt montre nou yon reyalite ki pa nouvo.Vinicius deja sibi zak rasis plizyè fwa nan chanpyona Epanyòl la ak Ewopeyen yo. Chak fwa, mond lan fache. Chak fwa, yo pwomèt gen mezi k ap pran. Chak fwa, kesyon an retounen.Rasis pa gen plas li okenn kote. Men li pi entolerab toujou nan foutbòl. Yon jwèt ki ini pèp, relijyon, koulè, kontinan. Nan yon sèl ekip, ou ka jwenn yon Afriken, yon Ewopeyen, yon Sidameriken, yon Azyatik. Se sa ki fè bote jwèt la.Lè rasis antre sou teren an, li pa sèlman atake yon jwè. Li atake lespri jwèt la. Li atake inite. Li atake respè.Foutbòl dwe yon espas libète, pa yon tribinal prejije.Yon gòl pa dwe tounen yon eskandal. Yon dans pa dwe tounen yon pwovokasyon. Yon koulè po pa dwe tounen yon zam.Si gen pwovokasyon, li dwe jije sou baz prèv. Si gen rasis, li dwe pini sevèman. Men nou pa dwe janm banalize kesyon an.Paske dèyè chak jwè, gen yon moun. Gen yon fanmi. Gen yon listwa. Gen yon diyite.Foutbòl la bèl twòp pou nou kite l sal ak rasis.E si gen yon mesaj ki pou rete apre tout bri sa a, se sa:

Selebre pa ta dwe yon krim.

Danse pa ta dwe yon pwovokasyon.

Rasis pa ta dwe gen eskiz.

Baila Vini!!!!.

Laisser un commentaire

Tendances