Ayiti kontinye ekri istwa sou sèn entènasyonal la. Ekip nasyonal U-17 la fin valide tikè li pou FIFA U-17 koup di mond 2026 la, aprè yon kanpay solid kote jèn Grenadye yo montre yon lòt fwa ankò anpil kouraj ak anpil talan. Kalifikasyon sa a pa sèlman yon rezilta espòtif ,li se yon mesaj klè pou le mond antye pou di ke talan ayisyen yo vivan, e yo pare pou yo briye.Depi premye match eliminatwa yo, ekip la te montre yon nivo konfyans ak matirite ki depase laj yo. Òganizasyon taktik, entansite nan mitan teren, ak efikasite devan gòl la te fè diferans lan. Se yon jenerasyon ki jwe ak fyète, men tou ak yon vizyon. Anpil nan jwè sa yo sòti nan akademi lokal ak dyaspora, sa ki montre enpòtans melanj eksperyans ak rasin.

Sa ki rann kalifikasyon U-17 la pi espesyal toujou, se lefèt ke ekip ane sa a, yo rejwenn ekip Senyò a tou pou reprezante Ayiti nan devan je lemond ane sa a. De kategori diferan, men menm drapo a. Sa kreye yon dinamik ekstraòdinè: pandan granmoun yo ap pote eksperyans ak matirite, jèn yo ap pote enèji ak lespwa.Konbinezon sa a bay yon santiman ke petèt 2026 se ane Ayiti sou plan entènasyonal la. Li ra pou yon nasyon viv yon moman kote plizyè jenerasyon ap briye ansanm. Sa se pa aza ,se rezilta travay, sakrifis ak rèv ki makonnen ak detèminasyon pou l pa janm mouri.Nan yon kontèks kote peyi a ap travèse anpil defi, nouvèl sa a sonnen tankou yon souf nouvo. Foutbòl la tounen yon espas kote Ayisyen ka reyini, selebre, epi sonje sa nou kapab reyalize lè nou mete tèt nou ansanm. Kalifikasyon U-17 la se yon envitasyon pou federasyon, enstitisyon, sektè prive ak fanatik yo mete diferans sou kote pou soutni jèn sa yo jan yo merite li.Paske si gen yon ane kote Ayiti gen chans pou l briye vrèman sou sèn mondyal la, se kounye a.

Avèk U-17 yo ki ap prepare pou defann koulè ble ak wouj la, epi senyò yo ki sou menm wout la, nasyon an gen yon opòtinite pou montre yon lòt imaj li bay mond lan: imaj talan, rezilyans ak inite.Petèt se pa sèlman yon kalifikasyon.Petèt se kòmansman yon chapit kote Ayiti deside kwè nan tèt li ankò. E petèt nou ta sipoze swiv menm egzanp sa tou.🇭🇹⚽

Laisser un commentaire

Tendances