Foutbòl pa limite l sèlman ak sa k ap pase sou teren an. Dèyè chak match, chak gòl, chak defèt, gen yon lòt reyalite ki souvan pa parèt nan tablo klasman yo : « sa fanatik yo santi ».

Nan Braseboul Football, nou chwazi mete limyè sou dimansyon sa a, kote foutbòl la vin tounen emosyon, terapi, espwa ak idantite.Pou anpil moun, foutbòl se yon refij kont difikilte lavi. Pandan 90 minit, li pèmèt yo dekonekte ak move kou lavi a, bliye strès, pwoblèm pèsonèl ak fristrasyon sosyal. Sansasyon yo viv pandan yon match ka soulaje kè ki lou, kalme lespri ki chaje, e menm geri blesi emosyonèl. Foutbòl vin tounen yon medikaman san preskripsyon.Foutbòl gen tou yon kapasite inik pou l ini moun. Nan estad, nan baz, nan lari, nan yon ti restoran, devan ekran lakay yo, fanatik ki soti nan orijin diferan pataje menm emosyon an. Diferans sosyal, politik oswa ekonomik efase pandan match la ap dewoule. Tout moun vin tounen sipòtè, ak yon sèl objektif : wè ekip yo reyisi.

Gen plizyè kategori fanatik nan mond foutbòl la. Gen moun ki swiv jwèt la pou lanmou ak pasyon. Yo rete fidèl ak ekip yo menm lè rezilta yo pa bon. Yo konnen istwa klèb yo, lejand yo, e yo aksepte soufrans lan kòm yon pati entegral de lanmou yo pou jwèt la.Gen lòt ki antre nan foutbòl atravè paryaj espòtif yo. Yo analize estatistik, fòm ekip yo, absans ak taktik. Lè fich paryaj la reyisi, satisfaksyon an gwo. Lè li echwe, dezapwentman an prezan. Men, menm lè fich la boule, espwa a rete vivan pou pwochen match, pwochen wikend, pwochen chans.Foutbòl rasanble tou fanatik ki chèche enfòmasyon san rete. Yo enterese nan konpozisyon ekip yo, sistèm jwèt antrenè yo, ak tout detay ki ka enfliyanse yon match. Diskisyon yo kontinye avan, pandan ak apre match yo, sou rezo sosyal, nan lari, ak nan espas piblik.Pou anpil fanatik, gade foutbòl mande sakrifis. Gen moun ki leve byen bonè oswa ki dòmi byen ta pou swiv ekip yo. Gen lòt ki depanse dènye kòb yo pou yon tikè, yon abònman oswa yon plan entènèt. Sakrifis sa yo fèt pou viv sansasyon ki ka dire sèlman kèk minit, men ki ka rete grave nan memwa yon moun pou tout lavi l.

Emosyon yo souvan ekstrèm. Kalifikasyon pote lajwa, fyète ak espwa. Eliminasyon pote tristès, fristrasyon ak silans. Men, malgre defèt yo, fanatik la toujou retounen. Foutbòl toujou ofri yon lòt sezon, yon lòt opòtinite pou reve.Gen moman ki make istwa foutbòl la plis pase lòt : remontada yo. Match kote tout bagay te sanble fini, men kote ekip la reyalize enposib la. Moman sa yo kreye yon fyète kolektif, e yo vin tounen referans emosyonèl pou fanatik yo.Gwo klasiko yo, yo menm, depase dimansyon espòtif la. Yo kreye tansyon, rivalite, ak eksitasyon ekstraòdinè.

Pandan kèk èdtan, fanmi ak zanmi ka vin divize pa koulè klèb yo sipòte a, men se toujou foutbòl la ki soti genyen.Foutbòl fè fanatik soufri, men li fè yo viv. Se reyalite sa a Braseboul Football chwazi rakonte : foutbòl kòm yon eksperyans imen, kote santiman yo gen menm enpòtans ak rezilta yo.Paske foutbòl pa sèlman jwe sou teren an.Li jwe chak jou nan kè fanatik yo.

Laisser un commentaire

Tendances