Wilde Donald Guerrier se yon jwè ki pase de prezantasyon an prezantasyon, men ki te chwazi louvri kè l epi pataje panse li ak anpil onètete.
Nan entèvyou sa a,Braseboul Football te chita pale ak Donald Guerrier, yon non ki pote anpil pwa, disiplin ak pasyon nan football Ayisyen an. Nan yon konvèsasyon senp men pwofon, li te louvri kè l sou chemen li, vizyon li, ak leson lavi li ranmase sou wout la.Yon chemen ki pa t fasil.

Donald Guerrier rakonte kòmansman li yo ak anpil onètete. Li pale de anfans li depi Pòtapiman rive Pòtoprens e chita sou sakrifis li fe pou li rive , de moman dout, ak de fòs enteryè ki te pouse l kontinye menm lè kondisyon yo pa t souvan favorab. Dapre li, pa gen siksè san travay di, e pa gen rèv ki grandi san disiplin.
“Sa ki fè diferans lan, se konfyans ou gen nan tèt ou ak kapasite pou w pa abandone,”
Disiplin, Travay ak Konviksyon.
Pandan entèvyou a, yon tèm ki tounen souvan se disiplin. Pou Donald Guerrier, talan enpòtan, men disiplin se sa ki kenbe w sou wout la. Li ensiste sou enpòtans preparasyon mantal, respè pou travay w ap fe a ak konsistans.
Li mete aksan tou sou valè ekip , sou fason kolaborasyon ak kominikasyon pèmèt moun grandi pi vit ke lè ou deside mache pou kont ou.
Sante mantal jwè yo: yon faktè kle nan pèfòmans yo.
Youn nan sijè enpotan nou te abòde se sante mantal jwè yo, yon aspè souvan neglije men ki gen yon enpak dirèk sou pèfòmans yo sou teren an. Donald Guerrier esplike kijan presyon rezilta, kritik piblik la, ak responsablite pwofesyonèl yo ka afekte balans mantal yon jwè.
Daprè li, menm ak bon fòm fizik ak bon preparasyon taktik, si mantal la pa stab, pèfòmans lan pap rive nan nivo li dwe ye a.
Li fe konnen ke “Foutbòl la se pa sèlman pye ak fòs. Se tèt la ki dirije tout bagay,”
Li ensiste sou nesesite pou klèb yo ak federasyon yo entegre sipò sikolojik kòm yon pati nòmal nan lavi jwè yo.
Daprè li, yon jwè ki pa byen mantalman pa ka bay tout li menm, menm si li prepare fizikman. Li ankouraje tout akte nan mond Football la pran sante mantal la oserye, menm jan yo pran antrènman fizik ak taktik yo oserye.
“Yon jwè se pa yon machin. Lè tèt la pa an plas, pye yo pap mache jan yo ta dwe mache a,”
Eksperyans Entènasyonal: Gold cup ak Ligues Des Champions.

Pandan konvèsasyon an, Donald Guerrier te pataje eksperyans li nan gwo konpetisyon entènasyonal yo tankou Gold Cup la ak Ligue des Champions.
Li pale de fyète li te santi lè li te defann koulè peyi li nan Gold Cup la, yon konpetisyon ki mande anpil angajman fizik ak mantal. Pou li, reprezante seleksyon nasyonal la se yon onè, men tou yon gwo responsabilite.
Konsènan Ligue des Champions, li mete aksan sou nivo disiplin, entansite, ak ekzijans konpetisyon an mande.Daprè li, se nan espas sa yo jwè yo vrèman mezire tèt yo ak anpil bon e gran lòt jwè ki ap evolye nan chanpyona Ewopeyen yo, e se la karaktè ak matirite pwofesyonèl konstwi. Ligue Des Champions se rev tout jwe e menm si malerezman piblik Ayisyen an gen tandans minimize patisipasyon l nan konpetisyon sila, li santi se yon gwo pwen fò li ye nan karyèl e li ap toujou rekonesan e fyè pou opòtinite sa ke travay di l te pèmèt li pwofite.
Koup di Mond lan: ant rèv ak reyalite.
Nou te pale tou de Koup di Mond lan, yon rèv pou tout jwè. San fè pwomès, Donald Guerrier montre anpil pozitivite sou anvi l ak posiblite pou li patisipe . Li eksplike ke tout bagay pral depann de fòm li, men sitou de chwa teknik ak bezwen ekip nasyonal la.
Le nou te mande l eske li panse li pa merite plas li nan seleksyon an pou mondyal la apre bel karye sa li genyen an.
Li te reponn ak tout onetete :
« Mwen vle pou Seleksyon Nasyonal la fe chwa de mwen pa pou sa mwen te reprezante men pou travay m ap fe kounye an la ak kleb mwen »

Pou li, pi enpòtan an se rete konsantre, travay di, epi toujou pare lè opòtinite a prezante.
Yon vizyon pou jenerasyon kap vini an.
Youn nan moman ki pi frapan nan entèvyou a se lè Donald Guerrier pale de jèn yo. Li ankouraje yo kwè nan potansyèl yo, chèche bon modèl, epi itilize erè yo kòm etap aprantisaj.
“Si ou sòti yon kote difisil, sa pa dwe limite rèv ou. Sa dwe fòje w,”
Entèvyou sa a pa t sèlman sou siksè; li te sou reyalite lavi a.
Donald Guerrier pa kache difikilte yo, men li chwazi pale de yo ak espwa. Pou li, chak obstak pote yon leson, e chak etap gen valè pa li.
Konvèsasyon nou ak Donald Guerrier kite nou ak yon konklizyon klè: dèyè non an gen yon moun ki reflechi, ki konsyan de responsablite li, e ki detèmine pou kontinye grandi pandan l ap enspire lòt moun.

Se temwayaj yon vwa ki kwè nan travay di, nan disiplin, ak nan espwa .Twa eleman ki, selon Donald Guerrier, ka chanje nenpòt desten.
Kiyès Ki? se nouvo ribrik Braseboul Football mete sou pye pou chita pale ak jwè yo, pèmèt yo prezante tèt yo bay piblik la san filtè, san presyon. Yon espas verite, refleksyon ak pataj ki disponib sou chanèl YouTube Braseboul Football.
Laisser un commentaire