Foutbòl la pa sèlman 90 minit sou teren an. Se pasyon ki gen andedan lan, idantite, kilti, ak vwa plizyè pèp, plizyè sèks ak kategori moun. Eben Braseboul Football kreye pou rakonte istwa sa yo.

Nou se yon platfòm medya foutbòl ki angaje l pou li bay enfòmasyon serye, analiz, ak kontni ki sòti nan kè jwèt la. Kit se foutbòl lokal, entènasyonal, match, nouvèl oswa kilti foutbòl, Braseboul Football la pou enfòme, konekte, enspire ak aprann tout moun ki renmen foutbòl.

Kisa Travay nou ye?

Braseboul Football ofri:

_Nouvèl ak mizajou sou match yo sou Instagram ak Facebook.

_Analiz, Opinyon ak Entèvyou sou Youtube.

_Kouvèti foutbòl lokal ak entènasyonal lè nou jwenn okazyon pou nou sou plas.

_Istwa sou jwè, ekip ak kominote yo san wete, ni mete epi nan bon ti mamit.

Nou pa konsantre sèlman sou rezilta yo, men sou sans ak enpak foutbòl la genyen.

Ki vizyon nou?

Vizyon nou se vin yon vwa medya foutbòl ki kredib, sitou pou talan ak kominote ki malerezman pa toujou jwenn anpil vizibilite. Nou kwè foutbòl se pou tout moun, e chak istwa merite rakonte.

Objektif nou se kisa?

_Pwomouvwa kilti ak konesans foutbòl jan fòs ponyèt nou mande sa.

_Mete limyè sou talan k ap leve devan je nou la men ke lemond poko konnen.

_Kreye yon kominote solid fanatik foutbòl ki konn dòmèn li byen.

_Bay kontni foutbòl onèt, ki angaje ak kalite.

Braseboul Football bati sou lanmou pou jwèt la ak respè pou enpak li genyen pi lwen pase teren an. E tout travay sa fèt nan bon jan konpreyansyon a travè lang manman ak papa nou ki se « Kreyòl Ayisyen an ».

Sa se sèlman kòmansman an.
Byenveni sou Braseboul Football.
Nou pral Brase Boul e pale Football.

Laisser un commentaire

Tendances